 |
Michel-Ange Hyppolite piblye de liv pwezi an kreyòl, youn leksik zo mounn
. Li pibliye avèk patisipasyon Jacqueline Beaugé-Rosier epi Hugues Lamour: Li konprann Ekri: youn jaden kreyòl . Apresa,li piblye Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti . Kounye a li ap travay sou pawòl Ife ak Soul (youn liv pwoz-pwezi).
|
|
|
ZILE NOU
... Kaptenn Koukouwouj ap "voye mo monte" pou youn konstriksyon ki an menm tan solid e bèl tankou youn katedral.
Zile nou (youn ekstrè)
Ou vire tounen
banm payèt
ou mache nan rèv mwen
gwo midi
Chak fwa mwen pare kabann
sou ranch solèy
pou kò fanm ou fleri
lèt zannana ou desann poze anba tè
Lespwa pran san-l
pou li rapousuiv nou
|
|